Thursday, November 23, 2017

Istwa Lavim #3




Mwen deside tounen nan peyim Ayiti epi chanje vizam pou yon viza etidyan. Pandan m Ayiti, Mwen te gen gran santiman poum sèvi peyim, espesyalman timoun ki pa kapab yo... 2 semèn aprè, Mwen tounen Utah............. Lèm tounen Utah, Mwen gen chans aksepte poum etidye BYU-Idaho, Mwen deside etidye online paskem chwazi rete Salt Lake poum travay konsa mwen te ka akonpli plis bagay. Mwen kontinye soti ak mennaj Mwen an. Yon bon lè deside prezantem paran l yon lòt fwa ankò. Li pat fasil pou Mwen men paske lanmoun pou li pi fò ke tout bagay, Mwen te toujou ret kwè ke tout bagay ap anfòm depi se volonte Bondye.

Malgre anpil eprèv ak moman, nou kontinye soti ansanm. Youn nan bagay kem kwè sèke lanmou pi fò ke nenpòt lòt bagay. Mwen sonje en jyen avan fèt Mwen, Mwen te deside tounen Ayiti poum vin pase moman sa ak fanmim. Mennaj Mwen dim kel tap renmen mwen rete isit, aprè anpil reflieksyon, Mwen deside rete isit.
An Jiyè, nou planifye pou nou al Ayiti ansanm. Akoz de sekirite ak pwoblèm prezidan ki te genyen. Nou deside mande paranm pou rantre isit pito. Manmanm finalman rantre Utah pou vin rankontre Mennaj Mwen ak fanmil konsa yo ka rekonèt paranm. Se te youn nan pi bèl eksperyans nan vim poum te prezante manmanm mennaj Mwen e mennaj Mwen manmanm kem renmen anpil anpil. Nou ye gen chans pase yon bon moman ak manmanm ak fanmi madanm mwen. Aprè 10 jou, manmanm retounen Ayiti.

Williamson Sintyl
ARISE
Aswiv 

No comments:

Post a Comment