Wednesday, November 22, 2017

Istwa Lavim #2


ISTWA LAVIM #2
Lèm te tounen Ayiti Jiyè 2015, pou Mwen se te sèl mwayen kem te genyen paskem pat ka pase egzamen anglè ki pou pèmèt mwen rantre lekòl la. Yon bon maten, pandanm pral legliz Kwadèmisyon, Mwen gen yon santiman kem dwe tounen Utah. Aprèm sot legliz mwen pale ak paranm pou wè kòman yo ka edem. Sa pran anviwon 2 mwa avan ke yo banm yon repons paskem pa tap travay.
Nan fen mwa septanm, mwen deside al viv LOUISIANA paskem te vle al travay avanm tounen Utah. Pandan m Louisiana, mwen reyalize kem pa nan yon bon pozisyon. Mwen te gen yon zanmim ki tap viv TEXAS kem kontakte pou pèmèt mwen rete lakay li pou kèk mwa avanm kem fè ase lajan poum al Utah. Pandanm Texas, Mwen travay di anpil anpil poum gen ase lajan ki pou mennenm Utah e ki pou reponn ak bezwenm. Mwen rekonesan pou akèy ak lanmoun kem te resevwa nan zòn Mwen te ye TEXAS la.
Nan mwa Desanm mwen kontakte yon zanmim ki rele Jameson, Mwen mandel èske paranm dakò poum desann lakay yo pandan map preparem pou lekòl? Li dim ke lap relem nan demen poul banm yon repons. Nan demen mwen resevwa yon apèl ke Jameson dim paranl dakò. Se te youn nan pi bèl jou nan lavim em te santi men Bondye pandan tout moman sa.
Nan semèn aprè a, yon zanmim ki tap sot Texas pou al Utah banm woulib. Yo depozem nan lakou Inivèsite a nan nwit lan. Mwen kontakte yon zanmim BOURDEAU, Mwen mandel sim ka dòmi nan apatmanl lan aswè a e demen yap vin chèchem. Li dim wi, li vin chèchem poum al dòmi lakay li. Nan demen maten Jameson vin chèchem poum al lakay li.
Pandanm rete lakay Jameson nan, Mwen al travay chak maten a 6 zè nan maten epi etidye paskem te detèmine poum pase tès anglè a. Mwen vin rankontre demwazèl ki te edem premye fwa lèm te fenk vin Utah. Demwazèl sa kòmanse soti avèm, Mwen envitel lakay kotem ye a pou rankontre moun kotem ye yo. Jou aprè jou, demwazèl sa vin mennaj Mwen, li vin yon bon zanmi pou Mwen. Yon sizyèm fwa Mwen deside aplike pou tès anglè a. Finalman, Mwen reyisi ak yon nivo ki plis ke sa lekòl la mande a.
Janvye 2016, Mwen deside tounen nan peyim Ayiti epi chanje vizam pou yon viza etidyan. Pandan m Ayiti, Mwen te gen gran santiman poum sèvi peyim, espesyalman timoun ki pa kapab yo... 2 semèn aprè, Mwen tounen Utah.............

ASWIV
ARISE

No comments:

Post a Comment