Sunday, November 19, 2017

ISTWA LAVIM #1

ISTWA LAVIM #1

Lèm te fenk vin isit, se te touswit aprè misyonm pou legliz mwen fè pati ladanl lan. Mwen te gen yon gran dezi poum vin Utah vini lekòl aprèsa tounen al sèvi peyim, fanmim ak konstwi yon fanmi Ayiti. Aprè paranm te fin enskrim nan inivèsite CEDI, aprèm te fin pase egzamen admisyon an, Mwen te chanje ide rapid, paskem pat santi kem dwe al la. Mwen te bay tèt mwen yon bi ki te fèm pè anpil malgrem pat wè mwayen an nan menm moman an menm te pansel tap reyalize. Bi a se te vwayaje pou al etidye aletranje! Mwen sonje nan yon rankont ak paranm nan EPIDÒ klèsin nan pou konn kisam vle reyèlman nan vim. Lè yo te pwopozem pou yo te achte yon machin RAV 4 pou Mwen, Mwen te sèlman mande paranm pou achte yon tikè pou mwen poum ale Utah poum al etidye. Aprè anpil pale ak refleksyon, 3 jou aprè, yo achte yon tikè $1620 ameriken pou Mwen poum vwayaje (ki egal ak anpil kòb nan moman an). 
Lèm rantre isit, Mwen te lakay yon zanmi! Tout pandanm lakay zanmi an map travay sou aplikasyon m ak pyès lekòl la (BYU Brigham Youg University) mande a. Aprè kèk semèn, mwen deside pa rete menm kote a paskem pa t renmen fason ke moun alantou yo tap viv, li pat fèm byen ditou. 
Aprè yon rankont ak Evèk mwen, li envitem poum te vin viv lakay li. Mwen fè 4 mwa lakay li. 
Pandan 4 mwa sa a, Mwen travay di anpil anpil poum te reponn ak bezwenm paskem pat vle mande paranm nan moman ke yo tap edem ak lekòl la, Mwen te gen chans fè anpil zanmi epi pran legliz oserye. 
Mwen sonje kem tap preparem poum te pase yon tès anglè ki pou pèmèt yo akseptem lekòl la ki rele TOEFL ki te di anpil anpil. Mwen te jwenn èd yon demwazèl ki rele Sharla ki te edem anpil anpil ak anglè a, li te edem devlope anpil bagay ki tap ka edem reyisi tèt la paskem pat ka pase tèt sa! Chak lèm fin peye $160 ameriken epi mal pase tèt la Mwen pat reyisi. Mwen pase tès sa 5 fwa em pat reyisi. Mwen te rive yon moman kotem te vrèman dekouraje, Mwen deside retounen Ayiti. 
Mwen sonje yon 24 Jiyè, se lè sa Mwen te deside kite Utah poum te rantre Ayiti.
Lèm rive Ayiti......................

                                 ASWIV❗️

                                  ARISE

No comments:

Post a Comment